Skip Navigation
The Endowment for Human Development
The Endowment for Human Development
Improving lifelong health one pregnancy at a time.
Donate Now Get Free Videos

Multilingual Illustrated DVD [Tutorial]

The Biology of Prenatal Development




JAN YON BEBE DEVLOPE NAN VANT MANMAN L

.Kreyòl Ayisyen [Creole (Haitian)]


National Geographic Society This program is distributed in the U.S. and Canada by National Geographic and EHD. [learn more]

Choose Language:
Download English PDF  Download Spanish PDF  Download French PDF  What is PDF?
 

The Fetal Period (8 Weeks through Birth)

Chapter 37   9 Weeks: Swallows, Sighs, and Stretches

Peryòd fetis la kontinye pou jiskaske bebe a sot deyò.

Sou 9 semèn, fetis la kòmanse souse pous li e li ka vale nan likid amnyotik la.

Konsa tou, fetis la ka ponyen yon objè, li ka bouje tèt li annavan oubyen annaryè li ka ouvri machwè l, li ka tire lang li, li ka fè soupi, li ka detire kò l.

Ni reseptè nève ki nan figi l yo, ni pla men l, ni plan pye l vin sensib si w touche yo.

" Si yo touche anba plan pye l ", li ka koube hanch li, li ka pliye jenou l e li ka bouje zòtèy li yo.

Pòpyè yo fèmen nèt kounye a.

Nan larenks la, gen ligaman vwa ki parèt, sa ki demontre kòd vokal li yo ap devlope.

Si fetis la se yon fi, ou ka wè matris li e gen selil repwodiksyon ki pa ko fin devlope, yo rele yo " ovogoni ", k ap miltipliye anndan ovè a.

Ògàn jenital ki pa deyò yo kòmase fè w wè si fetis la se yon fi oubyen si se yon gason

Chapter 38   10 Weeks: Rolls Eyes and Yawns, Fingernails & Fingerprints

Ant 9 ak 10 semèn, fetis la fè yon sèl kout devlope, sa ki fè pwa kò l ogmante plis pase 75%.

Sou 10 semèn, li ka bouje popyè ki anwo je a, sa ki fè li ka vire je l anba.

Fetis la baye souvan, li ouvri bouch li souvan.

Pifò fetis souse pous dwat yo.

Pòsyon trip ki nan kòd lonbrik la ap retounen nan twou vant lan.

Pifò nan zo yo deja kòmanse ap fòme.

Zong dwèt li ak zong zòtèy li kòmanse fòme.

Anprent dwèt li parèt 10 semèn apre fegondasyon an. Yo ka sèvi ak enprent li yo pou identifye l pandan tout vi l.

Chapter 39   11 Weeks: Absorbs Glucose and Water

Sou 11 semèn, nen an ak po bouch yo fin fòme nèt. Ogàn sa yo ap gen pou yo sibi chanjman nan chak etap nan lavi yon moun, men jan sa fèt pou tout lòt pati ki nan kò a.

Trip yo kòmanse absòbe glikoz avèk dlo fetis la vale.

Menmsi se depi nan fegondasyon sèks timoun nan gentan fikse, men pati jenital li yo kapab pèmèt ou wè, kounye a, si se yon tifi oubyen si se yon tigason.


Add a Comment

Your Name: Log In 3rd-party login: Facebook     Google     Yahoo

Comment:
     


Newest  |  Top Rated

1 Comment


rajasree raja
October 2, 2013 at 1:07 am
rajasree raja
thanks for your details
Report
Dislike
Like