Skip Navigation
The Endowment for Human Development
The Endowment for Human Development
Improving lifelong health one pregnancy at a time.
Donate Now Get Free Videos

Multilingual Illustrated DVD [Tutorial]

The Biology of Prenatal Development




JAN YON BEBE DEVLOPE NAN VANT MANMAN L

.Kreyòl Ayisyen [Creole (Haitian)]


National Geographic Society This program is distributed in the U.S. and Canada by National Geographic and EHD. [learn more]

Choose Language:
Download English PDF  Download Spanish PDF  Download French PDF  What is PDF?
 

Chapter 1   Introduction

Kalite travay ki pèmèt yon sèl ti grenn selil ki rele zigòt miltipliye pou l bay san mil milya selil nan kò yon granmoun se petèt pi gwo fenomèn ki genyen nan lanati.

Chèchè yo vin dekouvri anpil nan fonksyon òdinè kò yon moun ranpli te deja etabli depi lè l te nan vant manman l, e gen nan fonksyon sa yo ki te kòmanse lontan anvan l te sot deyò.

Nou vin pi byen konprann peryòd yon timoun ap devlope anvan l fèt se yon peryòd preparatwa kote kò l pran tout fòm li, e kote li ap aprann sèvi ak kapasite l, yon seri de bagay li bezwen pou l ka kontinye viv l apre l fin fèt.

Chapter 2   Terminology

Peryòd yon fi fè ansent dire nòmalman 38 semèn aviwon e sa kòmanse depi lè fegondasyon an fèt pou fini lè tibebe a soti deyò.

Pandan 8 premye semèn ki vini apre fegondasyon an, yo rele timoun ki an devlopman an anbriyon, yon mo ki vle di " grandi anndan ". Yo rele stad devlopman sa a peryòd anbriyon, e se pandan peryòd sa a system ki pi enpòtan yo fòme.

Soti apre peryòd 8 semèn nan pou rive lè timoun nan pral soti " yo rele timoun ki an devlopman an fetis ", yon mo ki vle di " timoun ki poko fèt ". Yo rele peryòd sa a peryòd fetis, e se lè sa a kò a vin pi gwo e systèm li yo kòmanse fonksyone.

Tout peryòd yo mansyone nan pwogram sa a swa peryòd anbriyon oubyen peryòd fetis, kòmanse depi lè fegondasyon an te fèt.

The Embryonic Period (The First 8 Weeks)

Embryonic Development: The First 4 Weeks

Chapter 3   Fertilization

Biyolojikman palan, " devlopman yon timoun kòmanse depi lè fegondsyon an fèt, " sa vle di, lè 23 nan kwomozòm gason an rankontre ak 23 nan kwomozòm fi a e sa fèt pandan selil repwodiksyon yo chak rankontre ansanm.

An jeneral, yo rele selil repwodiksyon fi a " ze ", men mo ki appwopriye a se owosit.

Kanta pou pa gason an, an jeneral yo rele selil repwodiksyon pa l la " espèm " men bon mo a se espèmatozoyid.

Ovè fi a pwodui yon owosit, yon fenomèn ki rele ovilasyon, lè fini owosit la ak espèmatozoyid la rankontre ansanm nan youn nan tib ki nan matris fi a, yon seri tib yo rele souvan twonp Falòp.

Tib sa yo relye ovè fi a ak iteris li oubyen matris li.

Kwomozòm yo pwodui yon anbriyon ki gen yon grenn selil. Yo rele l zigòt, yon mo ki vle di " jouke ansanm ".

Chapter 4   DNA, Cell Division, and Early Pregnancy Factor (EPF)

46 kwomozòm ki nan zigòt la se premye prezantasyon chema jenetik konplè yon moun ki pral egziste. Manman plan sa a twouve l anndan yon seri molekil ki makònen ansanm ki rele ADN. Yo gen ladan yo enstriksyon sou fason pou tout kò a devlope.

Molekil sa yo ki nan ADN nan Sanble ak yon nechèl ki tòde, yo rele doub eliks. Bawo nechèl sa a se yon seri de pè molekil, oubyen baz, e yo rele molekil sa yo gwanin, sitozin, adenin, timin.

Gwanin fòme pè baz ak sitozin sèlman e adenin fòme pè baz ak timin sèlman. Chak selil genyen anviwon 3 milya nan pè baz sa yo.

ADN yon sèl grenn selil tèlman chaje ak enfòmasyon, si w t ap pran ekri yo, menmsi se premye lèt nan chak baz ou t ap ekri sèlman, ou t ap ranpli yon milyon edmi paj !

Si w mete ADN ki genyen nan yon selil yonn sou kote lòt, sa ap bay yon longè 3 pye 4 pous oubyen yon mèt.

Si w t ap pran demare tout ADN ki genyen nan san mil milya selil ki nan kò yon moun ki fin grandi, sa t ap etann li sou plis pase san milya uisan milyon kilomèt. Sa reprezante 340 fwa, aleretou, distans ki genyen ant tè a ak solèy la.

Anviwon 24 a 30 èdtan apre fi a fin fegonde, zigòt la divize tèt li pou la premyè fwa. Gen yon metòd travay ki rele mitoz, ki fè yon selil divize an de, de selil divize an kat, eksetera.

Sou 24 a 48 èdtan apre fi a fin fegonde, li posib pou yo konfime li ansent grasa yon òmòn y ap detekte nan san fi a. Yo rele òmòn sa a " premye siy gwosès ".

Chapter 5   Early Stages (Morula and Blastocyst) and Stem Cells

Sou 3 a 4 jou apre fi a fin fegonde, selil k ap divize anndan anbriyon an vin pran yon fòm ki won e anbriyon sa a rele morila

Sou 4 ak 5 jou, gen yon twou ki fòme anndan boul selil yo fòme a e anbriyon an vin pote non blastosit

yo rele selil sa yo ki anndan blastosist la mass selil ki anndan an. Se yo menm ki pral fòme tèt timoun nan, kò a ak lòt pati ki enpòtan pou timoun nan devlope.

Selil ki fè pati mass selil ki anndan an, yo rele yo selil souch anbriyon paske se yo menm ki gen kapasite pou fòme chak tip selil nan plis pase 200 tip selil ki genyen nan kò yon moun.

Chapter 6   1 to 1½ Weeks: Implantation and Human Chorionic Gonadotropin (hCG)

Ti anbriyon sa a pase anndan tib matris fi a, apre sa, l al kole kò l nan yon plak ki nan matris fi a. Travay sa a, ki rele enplantasyon, kòmanse 6 jou apre fegondasyon an e li fini sou 10 ak 12 jou apre fegondasyon an.

Selil ki nan anbriyon an kòmanse pwodui yon òmòn ki rele gonadotwofin oubyen HCG, se òmòn sa a pifò tès gwosès detekte.

Se HCG a ki aji sou òmòn yon fi ki ansent e ki fè l pa gen règ li ankò, sa ki pèmèt gwosès la kontinye.

Chapter 7   The Placenta and Umbilical Cord

Apre enplantasyon fin fèt, selil ki ozalantou blastosit la pwodui yon pati nan yon ògàn ki rele plasenta ki jwe wòl entèmedyè ant sistèm sikilasyon manman an ak sistèm sikilasyon anbriyon an.

Plasenta a pran oksijèn, manje,òmòn ak remèd nan manman an pote bay timoun k ap devlope a nan vant lan. Plasenta a elimine tout dechè e li anpeche san manman an melanje ak san anbriyon an oubyen fetis la.

Plasenta pwodui òmòn tou e li kenbe kò anbriyon an oubyen fetis la yon tikras pi cho pase kò manman an.

Se veso ki nan kòd lonbrik la ki fè relè ant plasenta a ak timoun k ap devlope nan vant la

Pa gen okenn lopital modèn ki gen mwayen pou kenbe yon timoun anvi pi byen pase jan plasenta a fè l la.

Chapter 8   Nutrition and Protection

Apre yon semèn, selil ki nan mas selil ki anndan an fòme de kouch. youn rele ipoblast, lòt la rele epiblast.

Ipoblast la bay yon sak ki rele sak lonbrik, li sèvi kòm youn nan mwayen pou kò manman an nouri ti anbriyon ki an devlopman an.

Selil ki nan epiblas la fòme yon manbràn ki rele amnyòs. Se anndan l timoun nan devlope ni lè l nan stad anbriyon, ni lè l nan stad fetis pou jouskaske l sot deyò.

Chapter 9   2 to 4 Weeks: Germ Layers and Organ Formation

Sou anviwon 2 semèn edmi, epiblas la fòme 3 tisi espesyal oubyen kouch anbriyon. Yo rele yo ektodèm, endodèm, mesodèm.

Ektodèm nan pwodui anpil pati nan moun nan tankou sèvo, mwèl epinyè, nè, po, zong ak cheve.

Endodèm nan pwodui manbràn ki anndan sistèm respirasyon an ak manbràn ki anndan tib disjesyon an, li pwodui yon bon pati nan ògàn ki pi enpòtan yo tankou fwa a ak pankreya.

Mesodèm nan fòme kè a ren, zo, katilaj, mis tankou bibit, selil san ak lòt pati nan kò a.

Sou 3 semèn, sèvo a divize an twa seksyon fondamatal, se devan sèvo, mitan sèvo ak dèyè sèvo.

Anmenmtan, sistèm respirasyon an ak sistèm dijesyon an ap devlope.

Pandan premye selil san yo ap parèt nan sak lonbrik la, gen veso san ki pran fòme tout kote nan anbriyon an e kè a parèt sou fòm yon tib

Prèske imedyatman, kè a, ki devlope trè vit, pliye an de e twou kòmanse fòme.

Kè a kòmase bat sou 3 semèn e yon jou apre fi a fin fegonde.

Sistèm sikilasyon an se premye sistèm ki nan kò a, oubyen gwoup ògàn ki gen rapò yonn ak lòt ki antre nan yon stad kote l ka fonksyone.

Chapter 10   3 to 4 Weeks: The Folding of the Embryo

Ant 3 ak 4 semèn, chapant kò a parèt, e yo ka idantifye sèvo anbriyon an mwèl epinyè l, ansanm ak kè l byen fasil, bò kote sak lombrik li.

Piske anbriyon an, ki yon ti jan plat, grandi rapidman, sa fè l yon jan pliye. Manèv sa a fè yon pati nan sak lonbrik la antre nan manbràn ki anndan sistèm dijesyon an e li fòme twou nan lestomak la ak nan vant timoun ki an devlopman an.

Embryonic Development: 4 to 6 Weeks

Chapter 11   4 Weeks: Amniotic Fluid

Sou 4 semèn, amnyòs la, ki transparan, fèmen anbriyon an nan yon sak ki plen ak likid. Likid sa a pwòp, li rele likid amnyotik, li pwoteje anbriyon an.

Chapter 12   The Heart in Action

An jeneral, kè a bat anviwon 113 fwa pa minit.

Remake chak tan kè a bat, san k ap antre soti nan twou kè a fè l chaje koulè.

Anvan timoun nan fèt, kè a ap bat apeprè 54 milyon fwa. Sou yon peryòd 80 tan, l ap bat plis pase 3,2 milya fwa.

Chapter 13   Brain Growth

Piske aspè devan sèvo a, mitan sèvo a ak dèyè sèvo a chanje, sa montre sèvo a ap devlope rapidman

Chapter 14   Limb Buds

Sou 4 semèn, boujon manm yo parèt e se konsa manm anwo yo ak manm anba yo kòmanse devlope.

Nan etap sa a, po a transparan paske li gen epesè yon grenn selil.

Tank po a ap vin pi epè, se tank li pap transparan ankò, Sa vle di, se pandan anviwon yon mwa sèlman n ap ka gade jan ògàn ki anndan yo ap devlope.


Add a Comment

Your Name: Log In 3rd-party login: Facebook     Google     Yahoo

Comment: