Skip Navigation
The Endowment for Human Development
The Endowment for Human Development
Improving lifelong health one pregnancy at a time.
Donate Now Get Free Videos

Multilingual Illustrated DVD [Tutorial]

The Biology of Prenatal Development




JAN YON BEBE DEVLOPE NAN VANT MANMAN L

.Kreyòl Ayisyen [Creole (Haitian)]


National Geographic Society This program is distributed in the U.S. and Canada by National Geographic and EHD. [learn more]

Choose Language:
Download English PDF  Download Spanish PDF  Download French PDF  What is PDF?
 

Chapter 41   4 to 5 Months (16 to 20 Weeks): Stress Response, Vernix Caseosa, Circadian Rhythms

Sou 16 semèn, pafwa yo konn pike vant fetis la ak yon egui e sa fè òmòn li yo santi presyon an, sa ki koz li lage noradrenalin oubyen norepinefrin nan sikilasyon san an. Se menm jan an tibebe avèk granmoun reyaji lè yo foure yon bagay nan po yo.

Nan sistèm respirasyon an, sistèm bwonch yo prèske fin fòme nèt.

Kounye a, gen yon grès blanch ki rele vèniks kasewosa ki kouvri fetis la. Vèniks lan pwoteje po a yon fason pou likid amnyotik la pa grate l.

Apati de 19yèm semèn nan, chak jou, fetis la fè mouvman, li respire e kè l bat daprè yon woutin yo rele rit sikadyen.

Chapter 42   5 to 6 Months (20 to 24 Weeks): Responds to Sound; Hair and Skin; Age of Viability

Sou 20 semèn, kochle a, ògàn ki pèmèt moun tande a, pran menm gwosè ak kochle yon granmoun, anndan zòrèy ki pa anndan an ki fin devlope nèt. Apati de moman sa a, fetis la rekonèt yon pakèt kalite bri.

Cheve kòmanse pouse nan po tèt la.

Po a pran tout kouch li ansanm ak tout eleman ki konpoze l nèt, sa ki gen ladan l ti plim ki kouvri po a ansam ak glann yo.

Sou 21 a 22 semèn apre fegondasyon an, poumon yo kòmanse ka respire. Nan moman sa a, yo konsidere timoun gen laj pou l ret an vi, paske gen fetis ki ka reyisi viv si yo pa anndan matris la ankò. Gen anpil pwogrè lamedsin fè ki pèmèt yon timoun ki fèt anvan lè kontinye viv.


Add a Comment

Your Name: Log In 3rd-party login: Facebook     Google     Yahoo

Comment: