| ||
Script: Ant 4 ak 5 semèn sèvo a kontinye devlope byen rapidman e li divize an 5 seksyon diferan. Tèt la reprezante anviwon 1/3 nan gwosè anbriyon an. Boul sèvo yo parèt e yo vin fòme pati ki pi gwo nan sèvo a. Men kèk nan fonksyon boul ki nan sèvo a ap gen pou yo kontwole : kapasite pou moun nan panse, pou l aprann, pou l sonje, pou l pale, pou l wè, pou l tande, pou l fè mouvman li vle e pou l rezoud pwoblèm. 9 SEMÈN Nan systèm respirasyon an, bwonch souch prensipal dwat ak bwonch souch prensipal goch yo parèt | ||
All ages referenced to fertilization, not last menstrual period. |